Pou mete manm nan popilasyon Grandans lan ankonfyans, direktè PNH Grandans lan, ak tout la meri Bomon ap fè bwas pou mete yon pwen fisk.

800

04 – 25 – 2024

Bomon, Ayiti (TRiboLAND) Si nan jou pase yo delege depatmantal Grandans lan Paulemont Michel te entèdi direktè depatmantal PNH Grandans lan Louis Edner Yacinth, pwan direksyon wout Bomon, fwa sa jodia, se diferan.

Avèk sipò la meri nan komin Bomon, direktè depatmantal polis lan, ap fè mannèv pou mete yon pwen fisk nan sant vil Bomon, yon fason pou garanti sekirite popilasyon an.

Nap raple komin Bomon, genyen senkan depi l pa genyen yon komisarya polis akoz bandi sangwen te boule l.

Comments are closed.