Pòdpe : Staff Radio Clean FM remèt plak donè bay plizyè jounalis pou sakrifis ak kolaborasyon yo

342
0
Share:
TRiboLAND

01/11/2026

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan yon anbyans rekonesans ak respè, Staff Radio Clean FM, ki gen nan tèt li Fritznel Similien ak Ilric Augustave, remèt plak donè bay plizyè jounalis kòm siy rekonesans pou kolaborasyon ak sakrifis enkonparab yo nan enfòme depatman Nòdwès la.

Pami moun ki resevwa distenksyon sa yo, genyen Myrlantha Majuste ak Guimy Eugène, degwo jounalis pilye ki fè emisyon “Triye”, youn pami yon seri pwogram ki fè djapòt sou rezo a, man mete ranblè kòwonpi ak imoral sou kote, nan kad dezenfekte plizyè rejyon nan Nòdwès peyi a.

Malgre relasyon santimantal ki egziste ant Myrlantha Majuste ak Fritznel Similien, sa pa janm anpeche jounalis la jwe wòl li ak tout responsablite li. Li kontinye pran baton pèlerin li kòm jounalis angaje, pou denonse sitiyasyon difisil kap pase nan depatman Nòdwès la, atravè enfòmasyon san fòs kote li pataje ak popilasyon an. Myrlantha Majuste toujou fè konnen mari li se youn nan pi gwo soutyen li genyen nan karyè pwofesyonèl li.

Sou bò pa li, Guimy Eugène konsidere plak donè sa a kòm yon senbòl kolaborasyon san kondisyon ak konfyans mityèl. Depi anviwon senk (5) lane, li ap travay kole kole ak Staff Radio Clean FM nan tout nivo, nan yon klima konfyans ki toujou rete solid ak dirab.

Plizyè manm nan kominote a salye jès sa a ak anpil aplodisman, pandan yo swete jounalis yo kontinye fè travay enfòmasyon an ak etik, kouraj ak bon kondisyon, nan benefis popilasyon an ak devlopman laprès nan Nòdwès peyi a.

Share:

Leave a reply