Nòdwès: chak vire tounen nan vil Pòdpè, fatra di w bonjou!

491

05/31/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Vil pòdepè depi plizyè tan ap patoje nan fatra ak labou tout kalite; se yon sitiyasyon ki pèmèt anpil moun ap poze tèt yo kesyon, ki kote reskonsab lamèri ak nouvo responsab SNGRS yo kache nan site kapwa lanmò a.

Espas kote tout moun vin achte ti viv ou pwovizyon alimantè yo, se la kochon ap fè lalwa sou gwo pil fatra tout kalite.Timachann yo mande eske se yon konplo byen kalkile ke otorite lokal yo ap fè pou fini ak yo? Lè yo konprann KOVID-19 la fwape plis nèg gwo palto ke moun nan klas pov la.

Patoje nan fatra ak labou, anpil moun kwè se rezilta iresponsab chwa prezidan repiblik la ak tout ekip li ki pa swete wè yon “Pòdpè Valparezo”, lè li te rekondwi men ekip ki te deja plonje vil la nan tenten.

Mete sousa anpil nan pòdepezyen yo ap poze tèt yo kesyon pou mande eske se pa sou nouvo responsab SNGRS la ke mèri a ap gade ki lakoz li fayi ak misyon li. Konsa tou, gen lòt ki di pat janm gen bagay ki rele meri a!

Ki donk depi aprè kanaval la vil Pòdpè sanble tet koupe ak yon tè diri kote se fatra, labou ak zannimo ki pa sispan bay kè plen ak fè moun esplikasyon. San nou pa bliye wout Latandri a ki koupe depi plizyè semèn anwo pa moute anba pa desann.

Tout deriv ak ensalibrite sa yo ap rive anba deboul je nèg Gwo YENYEN ki kache nan bwàt leta ap fè richès nan kòripsyon. Majorite silansyez la fè konnen yo gen pou yo soti nan kalamite sa paske vil Pòdpè pa kapab rete anba dominasyon konsa sou nenpòt ki fòm. Konsa, yo voye yon sinyàl baton gayàk bay tout gwo zotobwe chaloska kostime nan vil la pou vire je gade ti pèp la k ap domi leve chak jou nan ensalibrite.

Jehrbson Petit

Comments are closed.