Chèf gang 400 Mawozo Yonyon pale; li lonje dwèt jouda sou 3 konplis pami yo Eliande Tunis

3,567

05-06-2022

Aprè lapolis ak lajistis nan peyi blan meriken te fin tande deklarasyon chèf gang 400 Mawozo a, ki donk Germine Joly alyas Yonyon, ebyen yo ta pral finalman lonje dwèt yo sou 3 prezime koubap pami yo Eliande Tunis, ki li menm genyen 33 rekòt kafe sou tèt li.

Nan dat 5 avril 2021 pase a, Ministè Enteryè ak Kolektivite Tèritoryàl nan yon korespondans, te voye bay ansyen prezidan asisinen an, Msye Jovenel Moïse kote li te fè konnen genyen pou pipiti non 14 trafikan zam kap destabilize peyi a depi 2009; konsa, Eliande Tunis te figire nan 7e pozisyon nan yon parèy lis.

Anpil kesyon ap poze sou lis 14 trafikan sila yo pou rive konnen, èske se lapolis ak lajistis kap fè chou toufe pou malendren sila yo oubyen se paske yo enpuisan pou tande kriminèl yo?

Pami chèf akizasyon blan meriken soulinye kont gwo chabrak yo genyen : vyol lwa sou ekspòtasyon, kontreband, frod, lavaj tchotcho pou site sa yo sèlman.

Comments are closed.