Wanament : yon jèn pèdi lavi pandan l t ap demoli yon kay nan Site Grasya

517
0
Share:
TRiboLAND

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon trajedi frape vil Wanament, vandredi 10 oktòb 2025 lan, anviwon 3è, lè 2 jèn gason t ap demoli yon kay nan Site Grasya. Pandan yo t ap travay, yon pati dal kay la ki potko fin kraze tonbe sou youn nan jèn yo, ki te anba konstriksyon an.

Daprè temwen ki te sou plas, jèn gason yo t ap travay san mwayen sekirite ni sipèvizyon teknik. Yo rapòte ke kay la te gen 2 seksyon : youn an dal ak lòt la an tòl. Olye yo te fin kraze dal la anvan, yo te kòmanse rale tòl yo, sa ki ta lakoz pati dal la efondre sou viktim nan. Chèche lavi, detwi lavi!

Popilasyon zòn nan eksprime kòlè ak tristès apre aksidan an, pandan yo denonse neglijans ak mank mezi sekirite nan travay demolisyon sa yo. Otorite lokal yo poko bay okenn deklarasyon ofisyèl sou ensidan an.

Share:

Leave a reply