Nòdès : Ministè Agrikilti nan tèt kole ak Agro Aksyon Almand lanse pwojè agrikilti e devlòpman riral.

2,437

05-28-2022

Wanament___(Triboland) Ofisyèlman ministè kilti mete ansanm ak Agro Aksyon Almand nan jounen Vandredi 27 Me 2022 a pwojè

Nan okazyon an prezidan konsèy enterimè a Luma Demetrius montre peripesi ak jefò irigan yo ap fè fas nan Plèn Maribawou a, pandan l pwofite mande ministè agrikilti pou l envesti pi plis nan plèn lan; sitou lè l konsidere kantite manje plèn lan te konn pwodwi nan tan lontan.

Bò kote kòdonatè konsèy administrasyon seksyon kominal Wo Maribawou a, Pierre Prophète bat bravo pou ansanm enstitisyon sa yo ki deside bay seksyon an pwojè sa, li te tou pwofite mande popilasyon an kolabore avèk moun kap vin travay nan kad egzekisyon projè a.

Kasèk la fini pou l di, pwojè a pral amelyore kantite travay kiltivatè yo ap fè nan plèn nan, espesyàlman pwoblèm dlo pou wouze jaden yo ki rete yon defi pou plantè yo.

Bruny Jean ak Antoine Maudeline ki te pran lapawòl nan non kiltivatè yo, pat mete dlo nan bouch yo pou yo eksplike kantite pwoblèm peyizan yo ap andire, tankou : pwoblèm mache pou yo vann pwodwi yo, angrè a ki twò chè sou mache a, yo bezwen bonjan materyèl pou koupe ak wouze diri yo, pandan yo espere pou pwojè sa chanje sitiyasyon yo nan plèn lan.

Direktè Pwogram Agro Action Allemande la, Gabriel Frédéric fè konnen pwojè a genyen 5 konpozant :

1.- Konstri epi reyabilite baraj kanal irigasyon yo.

2 .- Akonpanye agrikiltè yo avèk plizyè teknisyen ki kalifye, yon fason pou yo pwodwi pi plis e pi byen.

3.- Travay sou basen vèsen yo, pwoteje tèt mòn yo.

4.- Ranfòse kapasite komite ki pral jere perimèt entèvansyon pwojè a aprè pwojè a fin egzekite.

5.- Akonpanye fanmiy ki vilnerab yo sitou fanmiy ki gen timoun ki soufri malnitrisyon.

yon pwojè ki koute 7.9 milyon dola ameriken, ki ap dire 48 mwa. Li finanse anba lobedyans “Caribean Développement Bank Agro Allemande”.

Sou bò pa direktè Agrikòl Nòdès la, Sylvain Sama fè konnen pwojè sa pral ogmante pwodiksyon lokal la nan plèn nan, pandan l fè kwè objèktif pwojè a se amelyore aksè nan sistèm pwodiksyon agrikòl la yon manyè enkliziv nan komin Wanament.

Minis Agrikilti a, Bredy Chalot pat rete swiv dewoulman lansman pwojè a pandan peyizan yo te fin fè anpil preparasyon pou yo te reswa minis la.

Kredi: Ouanaminthe enfo plis

Comments are closed.