Me ki sa TRiboLAND konnen kap pase sou Lizyè ayisyano-dominikèn an nan jou sa yo

45
0
Share:
TRiboLAND

11-25-2022

  • Yon group jèn sitwayen melanje ak manm Plat Fòm Òganizasyon Sosyete Sivil Wanament lan eksprime fyète patriyotik yo yè jedi 24 novanm 2022 a, lè yo deside debarase fatra fèmen, e repentire baryè ofisyèl ki fasilite va e vyen yo sou Lizyè ayisyano-dominikèn an.
  • Depi kèk tan, aprè desizyon rasis prezidan dominiken an pou depòte britalman e pyetine dwa sitwayen migran ayisyen yo, popilasyon Wanament lan deside fèmen ou kadnase barye lizyè a yon fason pou proteste kont move tretman dominiken yo ap enflije depi dig dantan migran ayisyen yo ki nan kondisyon ilegal.
  • Jèn sitwayen ayisyen kanpe “dan di” depi kèk jou, pou bay yon repons apropriye a yon seri vye pratik Trujilo ki ta sanble ap nouri yon masak sou migran ayisyen.
  • Dominiken yo ap maltrete sitwayen ayisyen lakay yo; men yo bliye si yap maltrete ak sabote prodiksyon nasyonal pèp ayisyen an ke yo deja kraze plat atè. Avèk konplisite politichyen ak komèsan kriminèl yo, yo anvayi mache lokal la kòm byen manman yo ak papa yo.
  • Plizyè konpatriyòt kanpe bò lizyè Wanament lan pou lanse yon mesaj klè ke “Ayiti pa yon savann”.
  • Dominiken ap fè fòtin sou zo do ayisyen ki nan esklavaj nan Batey ak konplisite gro endistri sik Santral Romana pandan plizyè deseni. Men Elas! Yo detèmine pou yo kontinye maltrete menm group moun sa kap redi nan konstriksyon, nan plantasyon pou mete lajan nan pòch yo. Yo sabote tourism, yo fè tout kalite mannigèt pou akapare yon pakèt endistri ki tap fonsyone lakay. Yo atrap diaspora ayisyèn nan nan konstriksyon imobilyè. Yo fè moun ki envesti lakay yo mechanste yon fason pou yo leve kouri e kite byen dèyè pou yon pakèt pretèks. Yo kreye pètibasyon lakay, pou sa ka toujou dejenere anfavè yo. Yo dekouraje yon seri antite pou pa envèsti nan peyi Dayiti e yo achte lajan kontan antite syro-libanè kap detwi peyi Dayiti nan enterè yo.
  • Yo pase pran etidyan nou yo ki pa sispann brote kòb peyi a lakay yo. Yo anvayi mache lokal ak manje lòbèy ki ta sanble chaje ak ADN ke yo modifye avèk jeni jenetik ki riske lantman eradike popilasyon ayisyèn nan. Anplis, genyen nan prodwi alimantè sa yo kap antre lakay, se yon seri lòbèy ki inikman fabrike pou popilasyon ayisyèn nan. Konsa, yo vle fè netwayaj etnik lan nan plizyè fason moun pa ta panse.
  • Tankou, genyen anpil òganizasyon kap veye sou dwa moun, ki pa janm bouke denonse konpòtman rayisab ou ennimen gouvènman dominiken an anvè pèp ayisyen. Konsa, netwayaj etnik, vyolans chyen anraje, abi kronik sou travayè ayisyen, pyetinay dwa ayisyen, rayisab ak konpòtman Bashar Al Assad prezidan dominiken an, ta dwe entèpele plis envèstigasyon entènasyonal nan kad detèmine si reyèlman otorite dominikèn te itilize dwonn pou aspèje yon seri plantasyon ayisyèn sou zòn fontalyè a. 
  •  Yon group jèn, anba je otorite koupyon, iresponsab ou konplis gouvènman ayisyen an, deside paralize tout gran dizè dezòd komèsyal ou avalanche komèsyal san regilasyon ki tap fèt sou lizyè a. Yo fè li nan objektif pou proteste kont rapatriman feròs migran ilegal ayisyen yo.
  • Se yon veritab leson ou yon “kou di” pou yon seri biznis dominiken ki konprann, se yon favè ke y’ap fè pèp ayisyen an, lè yo transpòte machandiz antre al vann nan peyi Dayiti. Sepandan, se kraze yap kraze ekonomi lokal la nan nenpòt fason; alòs ke Ayiti pa menm genyen absoliman prèske anyen ke yo fè ekonomikman ak repiblik panyòl la, konparativman ak sa yo antre kòm milyon.
  • Ke plantè dominken yo vann Luis Abinader prodwi agrikòl kap pouri sou lizyè a.
  • Ke gro komèsan dominiken yo ki pa sispan vann ayisyen manje nosif, kenbe yo pou swen pèp lakay yo.
  • Ke komèsan ak leta ayisyen panse ou repanse ke se yon okazyon pou remanbre ou konsome prodwi lokal, pa atifisyèl ki kapab detwi popilasyon an.
  • Ke gouvènman ameriken ak lòt enstans entènasyonal sou dwa travayè kontinye envèstige sou pratik netwayaj etnik sa, travay fòse sistematik ak rayisab visral sa ki pa vle wè ayisyen nan dimansyon sa.
  • Se nòmal pou genyen regilasyon ak dispozitif kont imigran ilegal nan peyi panyòl la; se nòmal pou genyen depòtasyon; men li pa nòmal, lè yon parèy prosesis rejanbe ou foule anba pye dwa moun ki pi enpòtan ke lwa imigrasyon.
  • Repiblik dominikèn, pou fè wont sèvi kòlè, pa sispan fè propagan pou montre ki kantite katafal lajan ke yo di li koute yo pou yo akomode imigran ayisyen kap pran sèvis nan lopital lakay yo. Sependan, yo bliye egalman ki kantite fòtin ke yo fè ak mendèv ayisyen an; ki kantite fòtin ou richès ke yo akapare nan mete ayisyen nan esklavaj nan Batey depi plis pase yon demi syèk. Yon seri move tretman ki inimajinab ke enstans entènasyonal yo dokimante, ki ta dwe genyen reparasyon.
  • Komès ayisyano-dominiken, dimil fwa pi rantab ekonnomikman pou repiblik panyòl la ke li fèt pou Ayiti. Se yon komès fòs kote, ki kontinye ap lage Ayiti nan plis maras ekonomik ak depandans. Konsa, Repiblik Dominikèn rete kwè ke li genyen kle vant nou! Se nan konsa, awogans pou li gonfle ponyèt li militèman pa sispann miltipliye.
  • “Nou grangou, men nou pa saf”, se sa ki tradwi ekspresyon yon group moun kap degaje yon flanm patriyotik depi kèk jou nan zòn nòdès peyi a.
  • Ke gouvènman koupyon ak reselè ayisyen an, pran responsablite’l, si li genyen ti kal karaktè ki rete toujou. Ke li epole mouvman group moun Wanament yo, e anvizaje plis lòt sous apwovizyonnman nan lòt kwen atravè Karayib la, yon fason pou limite yon parèy pongongon ou rasis sistemik sa ki pa sispann imilye ayisyen pandan l’ap pase sou zo bwa tèt Ayiti pou devlope pròp tèritwa li. Sòt ki bay, enbesil ki pa pran!
  • Ke gouvènman koupyon sa, bay mouvman moun Wanament yo jarèt pandan lap profite ouvri lòt pis komèsyàl oubyen “trading” avèk lòt peyi tankou: Jamayik, Bayamas, Panama, Nikaragwa, Kiba e latrye. Repiblik Dominkènn pa Bondye!
  • Ke klas oligat sankoutcha ki fè tèt li pase kòm boujwa malpròp ki fini ak peyi Dayiti nan kraze tout enstitisyon leta yo e ki toujou nan konplisite ak peyi vwazen pou mete peyi a ajenou, rete lwen mouvman moun Wanament yo.
  • Protestatè Wanament yo, pentire baryè lizyè a ak koulè drapo nasyonal la: ble e wouj. Yo poze yon gro zak istorik ou eroyik ki ta dwe soulve nan moman sa fyète ak dinyite tout nasyon ayisyèn nan. Yo menm pase fil babele anlè baryè a e ranplase vye drapo ki te abime e mete lòt ki toulimen nan perimèt barye a.
  • Ke chak bourik bwè nan patiraj yo!
  • Pandan, anpil nan konpatriyòt ou fanatik malad woule boul peyi a, ap fokis sou Mondyàl 2022 a nan peyi Katar, moun Wanament profite ap regle egalman “Bagay Peyi”, ki se yon ijans plis ke jamè nan moman an e ki mande yon “Revèy Patriyotik”.
  • Pandan, anpil kwen nan peyi a, ap bay peyi Brezil ak Ajantinn jarèt (ki pa yon problèm), moun Wanament ap regle “Bagay Peyi”, nan kad fè respekte ti rès moso “dwa” ke yo rete a.
  • Nap raple, nan achte lòbèy nan men repiblik panyòl la, ayisyen frè nou yo te arive konsome salami ki te chaje ak matyè vekal ke komèsan dominiken te ekspedye sou tèritwà lakay. Li lè li tan, pou nou pa nan achte pwazon nan men yon peyi kap souse nou nan tout nivo, alòske li genyen yon ènn visral kont sitwayen nou.
  • Li lè li tan pou nou voye yon sinyàl klè bay rès monn lan ke: “Nou grangou, men nou pa saf” e “Nou se moun tou”.
  • Ke gouvènman koupyon ayisyen an, profite elan patriyotik sa, pou profite lanse yon kanpay agresif ki kapab sène tout paramèt ki kapab fasilite promosyon prodiksyon lokal nan tout nivo atravè peyi a. Ke li kreye avèk agresivite e san pèdi tan yon seri redresman ekonomik ki kapab fasilite estimilasyon ekonomik atravè yon seri òganizasyon agrikòl (mikro-finans).
  • Ke tout ayisyen, ansanm ak sa yo ki tap bourike nan plantasyon e ki volontèman kite repiblik panyòl la, rekonsidere travay tè lakay, ki se yon biznis ki kapab bay prodiksyon agrikòl la jarèt. Pa genyen tankou envèstisman nan “Latè”. Peyi Ikrènn ak Larisi arive fè rès planèt la ajenou pou “farinn” paske yo antre nan lagè. Yo yo se 2 pi gro peyi prodiktè “ble” ou “farinn” atravè planèt la. Antre nan koperativ agrikòl ak rejwenn diaspora ayisyèn nan nan kad asistans ak sipò, se pami yon katafal posiblite pou ranfòse prodiksyon nasyonal la ak pou bay lakay manje ak pran dwa vant peyi a.
Share:

Leave a reply