Yon nouvo komisè polis pral enstale nan tèt komisarya Wanament lan, demen vandredi 30 jen 2023 a.

204
0
Share:
TRiboLAND

Ronald Eugene, se non nouvo komisè polis Wanament lan; li pral ranplase nan pòs sila, komisè Bio Moncher.

06-30-2023

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Daprè enfòmasyon ki rive jwenn TRiboLAND, komin Wanament ta sanble pral konnen yon nouvo komisè polis apati demen vandredi 30 jen 2023 a. Ronald Eugene, pral ranplase nan tèt komisarya Wanament lan Bio Moncher, dapwè yon sous ke moun ka fè konfyans.

Reyaksyon yo pa sispann manifeste aprè anons sila, kote divès sitwayen pèsib nan Wanament, wè ranplase Bio Moncher a nan tèt komisarya a, kòm yon viktwa pou polilasyon an.

Pou anpil lèzòt, sa genyen plizyè lane depi Moncher ap voye jilbwèt nan komisarya a; konsa, zak briganday te toujou ap repete, pandan ke se taks popilasyon an kap peye swadizan komisè ki la pou pwomote sekirite ak pwoteksyon nan popilasyon an.

Divès moun, swete wè nouvo komisè a vinn regle yon bagay ki pi serye, paske Wanament bouke pran anba otorite krizokal.

Share:

Leave a reply