Wout Nasyonal #1 Bloke nan Desoulye : Popilasyon an Mande Leta Kraze Gwoup Gang Savyen ak “Kokorat San Ras”

505
0
Share:
TRiboLAND

Senmak, Ayiti ______(TRiboLAND) Sitwayen yo leve kanpe depi madi a nan Desoulye, yon lokalite ki sitye sou Wout Nasyonal #1 nan komin Senmak, pou denonse dominasyon gang ame kap simen laterè nan plizyè zòn nan Latibonit.

Pwotestatè yo mete barikad sou wout la, sa ki lakòz tout sikilasyon machin vin paralize. Machin ki soti Senmak pa ka rive Lestè, Ponsonde, ni lòt zòn nan Gran Nò peyi a, pandan sa ki soti Gran Nò pa ka egalman rantre nan vil Senmak. Se sèlman taksi moto ki kontinye fonksyone e tante eseye kontoune barikad yo pou pote pasajè ak kèk machandiz.

Pwotestatè yo lanse apèl bay Leta Ayisyen pou li pran responsabilite li, epi mete fen ak gang kap simen dezòd sou aks wout sila. Daprè sa manifestan yo di, se gang ki baze nan Savyen ansanm ak sa yo rele “Kokorat San Ras” ki ap kidnape, vòlè, touye, epi mete baryè sou wout piblik la. Moun nan popilasyon an di, yo bouke viv ak laperèz.

Manifestasyon sa a vini nan yon moman kote anpil zòn nan Latibonit ap fè fas ak ogmantasyon zak vyolans ak ensekirite. Plizyè komin tankou Lestè, Lyankou, Savyen, ak Vèrèt, ap viv anba men gang ame depi plizyè mwa, san okenn entèvansyon solid nan men otorite kap krate santi nan tèt peyi a.

Jiskaprezan, ni Direksyon apolis la ni otorite lokal yo poko bay okenn repons ofisyèl sou kriz la. Pandan tan sa a, popilasyon an kontinye ap lanse apèl pote sekou, epi mande aksyon imedya nan rejyon sila yo kap pran lanm anba vyolans teworis sangwen. ‎

Share:

Leave a reply