Yon gwo pye sabilye ki ta sanble date depi sou tan kolonyàl bwile yèswa nan Gran Rivyè Dinò

394

Gran Rivyè Dinò____(TRiboLAND) Yon dife kreye gro van panik yèswa nan komen Gran Rivyè Dinò notamman sou Plas piblik komen nan. Dife a ki t’ap kandale moute e konsome yon gwo pye sabilye ki pou anpil moun se yon patrimwànn kolonyàl.

Mannèv ak bokit dlo tankou jan sa toujou fèt nan plizyè kontre nan peyi a ki pa genyen sèvis ponpye ak sekouris t’ap miltipliye nan fè nwa; yon sitiyasyon initil ki pa’t ditou entimide pawozaj flanm dife ki te depase mannèv residan lokal yo ki t’ap trese l’èl pou pran kontwòl dife a.

Sepandan, daprè revelasyon kèk notab nan komen nan, pye sabliye a genyen bonjan rekòt kafe sou tèt li; li ta sanble li date menm avan endepandans peyi Dayiti.

Selon “ti istwa” chou toufe, jeyan plant epine sa ki toujou fasilite yon repozwa pou odyansè tout kalite, te konnen sèvi egalman nan epòk kolonyàl la, yon espas kote ke Jan Jak Desalen te konn rasanble sòlda li e delivre mesaj avan ke li moute nan zòn Kòmye.

Comments are closed.