Manif nan Pòdpè: pwofesè lekòl pwive pote sipò yo bay pwofesè lekòl piblik kap reklame 3 lanne salè

425


Pòdpè____(TRiboLAND) Plis pase yon santènn pwofesè lekòl pwive ki soti nan 4 kwen depatman Nòdwès la, k ap reklame lajan sibvansyon leta te pwomèt yo, pran beton an yon lòt fwa ankò jounen Vandredi 22 Me 2020 saa pou egzije leta ayisyen respekte angajman l.


Pwofesè sa yo ki te akonpanye paran, elèv e ki t ap pakouri plizyè ri nan Site Kapwa Lamò a te genyen pannkat nan men yo pandan ke yo te pran direksyon Depatmantal Edikasyon Nòdwès la pou pote solidarite yo bay pwofesè lekol piblik yo k ap travay depi plis pase 3 lanne san touche yon goud Lesco. Nap raple, sa fè depi 4 me 2020, pwotestè sa yo pran direksyon depatmantal Edikasyon Nòdwès la annotaj; konsa, yo detèmine pou kontinye fòse Leta Ayisyen peye yo fòs kouraj yo.


Yon gwoup pwofesè Podpè ap pwoteste e dramatize ke yo ap manje wòch akoz 3 lane salè leta dwe yo


Pwofesè sa yo ki gen sou do yo yon volim responsabilite e ki konfine anndan espas direksyon Edikasyon an depi 3 senmenn, jwenn moso manje gras ak sipò paran, elev, zanmi ak pwofesè parèy yo k ap fè yo fè tibat bouch. Gwoup pwofesè confine yo aplodi an gran panpan pote kole bwit soukou bò kote pwofesè pwive yo ki vinn bay jarèt a yon parèy mouvman.

 
Pwofesè lekol piblik tankou pwive pwomèt pou bay gouvènman Moise –Joseph la mounen pyès li, nan jou k pral vini la yo si tout fwa l pa reponn ak revandikasyon yo.


Saint-Jean wiskis, TRiboLAND

Comments are closed.