Minis edikasyon an, reyaji sou sitiyasyon grèv anseyan yo ki lakoz liseyen yo fè anpil vyolans nan divès komin nan depatman lwès la.

200
0
Share:
TRiboLAND

04-18-2023

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon profesyonèl la, Nesmy Manigat soti nan silans li sou sitiyasyon kap devlope nan dosye grèv anseyan yo, maten madi 18 avril 3023 a.

Minis edikasyon an, Nesmy Manigat esplike li rekonèt fwoustrasyon anseyan yo ki deja pap touche anpil lajan nan sistèm nan, li dakò ak revandikasyon yo a 100%. Li presize li pale ak minis finans lan ki asire li tout chèk yo nan depatman lwès la fin klase pou ale jwen anseyan yo, pandan semèn sa a menm. Li pwofite okazyon an pou l fè konnen, ministè a pa dwe pwofesè yo mwa fevriye, si nou ta vle kwè deklarasyon minis Manigat.

Toutfwa, alatèt ministè edikasyon nasyonal la, mesye Nesmy Manigat pwofite okazyon pou denonse vyolans, li di liseyen fè sou lòt lekòl yo nan depatman lwès la. Ministè a lanse apèl bay tout direktè lekòl lise yo nan peyi a, pou aji an bon responsab yon fason pou evite kite elèv yo soti pran lari fè vyolans ak inifòm yo.

Nap fè remake, elèv lise Fosten Soulouk Tigwav yo, pran lari pou yon 2èm fwa byen bonè maten madi 18 avril la pou kontinye egzije prezans pwofesè yo nan sal klàs yo.

JOICY Arnold

Share:

Leave a reply