Pòdpè : Radyo Televizyon Vwad Lapè (RTVP), selebre 42 lane egzistans li.

356
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Radyo Vwadlapè, yon radyo katolik nan vil Podpè selebre jounen dimanch 29 jen 2025 lan, 42 lanne egzistans li. Yon dat ki makònen ak fèt Senpyè ak Senpòl. Nan okazyon an, yon gwo mès te chante pou onore yon parèy netoryete. Selebwasyon a te dewoule anprezans plizyè fidèl katolik, zanmi, anplwaye, ansyen animatè radyo a, tankou msye Rock Clavaroche, relijye relijyèz pou n site sa yo sèlman.

Prensipal selebran an, Mgr. Charles Peters Barthélus, nan omeli sikonstans lan, ki t ap eksplike enpòtans RTVP genyen pou pèp Bondye a, atravè dyosèz la. Li fè konnen, yon grenn radyo dyosèz la genyen, se Radyo Vwadlapè ki chita sou: savledi edike, enfòme answit distrè pèp Bondye a, menm lè se ak zong.

Chèf legliz katolik la, nan rejyon Nódwès la, kontinye pou di, malgre limit ak difiklite RTVP, li pèmèt yo toujou rete konekte ak tout aktivite k’ap fèt nan dyosèz la: kit se aktivite relijyèz, sosyal, e kiltirèl.

Mete sou sa, Mgr. Barthélus deklare ke Radyo Vwadlapè, se youn nan mwayen ki fè yo santi kijan legliz la nan dyosèz la, kontinye toujou rete pwòch ak pèp Bondye a. Li fè n santi, malgre distans li, nan tan lapli, move tan ou inondasyon, men nou toujou rete kretyen batize, lè n ap koute yon mès oswa yon emisyon sou Radyo Vwadlapè.

Li enpòtan pou n raple, Radyo Televnizyon Vwadlapè, se yon patrimwàn dyosèz la. Se Rev. pè Boniface Fils – Aimé (defen) ki te mete radyo sila sou pye nan lane 1983.

Share:

Leave a reply