Rèl, mare senti, konstènasyon dram sou dram se siyasyon moun Lòtbòpon nan vil Pòdpè ap viv aprè lanmò sibit Lavira Thomas.

627
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Lavira Thomas, alyas “Lavi” tankou anpil alteriponten renmen rele’l, se yon natif natal Ansafolè, lokalite Meyans, ki te ateri nan vil Pòdpè, zòn Lòdbòpon depi li te genyen 2 lane.

Lavira Thomas mouri mò sibit, maten lendi 7 jiyè 2025 lan vè 1è a.m, nan Lopital Sipriz la, ki twouve’l sou wout Benito Sylvain, Blòk Nan Chalè. Selon enfómasyon TRiboLAND rekeyi bò kote pitit gason defen an, Thomas Tony , li fè konnen manman l, Lavira Thomas, t ap soufri depi yon bout tan ak maladi tansyon, dyabèt answit li te soufri kè tou.

Selon temwanyaj TRiboLAND rive jwenn tou bò kote majorite moun Lòdbòpon, Lavira Tomas te moun tout moun. Li te konn fè kafe pou vann chak maten, e se lakay li anbyans kafe chokola ak pen te konn makònè avan “le départ pour l’école”.

LAVI se te youn pami plizyè manman baz, ki temwen mizè ak siksè plizyè pitit katye Lòtbòpon. Li te egalman fè manje kwit, yon pwatik fidèl ki make plizyè jenerasyon. Li te moun ki te moun pa tout timoun e menm arive patisipe nan sipòte yon bon valè timoun menm nan bezwen akademik yo. Anpil jèn alteriponten ki arive gro kad, pase anba protektora manman Lavi.

Anpil nan sa yo ki anndan kon deyò peyia, ap plere jounen jodia, gro potorik ikonn sila, ki kite anpil souvni ak modèl ki genyen pou wè avèk “bon jan viv nan nivo kominotè”. Lavira, se te vrèman yon veritab manman “Lavi”, pou yon latriye moun nan lokalite Lòtbòpon. Li te genyen 56 rekòt kafe e kite dèyè, 4 timoun: 3 gason e yon fi. TRiboLAND.com bese byen ba devan kadav “Manman Lavi” e li mande pou Granmèt lavi a resevwa li ak 2 bra. Ke nanm li repoze nan lapè etènèl!

Nap raple, lanmò Lavira se yon evenman dram sou dram; li arive mouri aprè ke li te fin obsève yon pwòch li ki tap trepase an prezans li, e li mouri nan mwens 48 èdtan swit ak yon kriz kadyak, si nou ta vle repete aprè yon pwòch defen an ki enkonsolab.

Share:

Leave a reply