Dram : 24 desanm lan fini trè mal pou 2 chofè taksi moto nan vil Pòdpe

439
0
Share:
TRiboLAND

12/25/2025

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Aprè yon kolizyon ki fèt sou wout Twa Rivyè a, prèske nan zòn antre Pak Kapwa Lamò a, de chofè moto pèdi lavi yo nan lannwit mèkredi 24 desanm lan, anviwon 11 è pou rive minwi.

Daprè temwayaj yon lòt chofè moto ki te sou plas la, viktim yo pa’t jwenn chans pou yo transpòte lopital, sa ki lakòz yo rann dènye souf yo sou plas.
Malerezman, moman fèt fen dane yo souvan vire an trajedi pou anpil fanmiy.

Anpil aksidan rive swa akòz neglijans nan kondwi, vitès depase limit, oswa kondwi anba enfliyans alkòl. Sitiyasyon sa a lage gwo tristès ak lapenn sou plizyè fanmiy nan kominote a.

Otorite yo ak aktè nan sosyete a kontinye lanse apèl pou plis pridans sou wout yo, sitou pandan peryòd fèt yo.

Share:

Leave a reply