Yon nouvo direktè pran fonksyon nan tèt biwo distri TPTC rejyon Dèpal nan Tigwav.

04 – 10 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Enjenyè Jacky CADET enstale kòm nouvo direktè biwo distri Travo Piblik Transpò ak Kominikasyon (TPTC) rejyon dèpal, joounen mèkredi 08 avril 2026 lan, nan Tigwav.
Se Enjenyè sòtan an, Franck Celestin ki pwosede ak enstalasyon nouvo direktè .a, nan tèt biwo distri MTPTC a nan Tigwav. Ansyen titilè Celestin a, raple nouvo direktè a, responsabilite li anvè kominote tigwavyèn nan. Selon li, genyen gwo defi kap tan’n Enjenyè Jacky Cadet.
Nouvo direktè TPTC a, Jacky Cadet, sou bò pa li, nan diskou sikonstans lan, bay garanti li pral travay pou’l leve eskanp figi Tigwav, li di ki fin kraze fas ak kesyon kabotaj kap fèt sou waf Tigwav la. Li fè konnen, se wout Gransid la ki bloke ki fè oken moun pa kapab frekante li; konsa, lakoz enfrastrikti wout yo fin kraze nan vil Tigwav.
Toutfwa, nouvo titilè a, solisite kolaborasyon popilasyon nan rejyon Dèpal la. Pandan l mande mwayen bò kote ministè MTPTC, yon fason pou l kapab amelyore soufrans popilasyon an.






