Pakè Pòdpè lanse avètisman bay disko ak òganizatè pwogram pisin, atè plat ak tisourit an presans minè

465
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti _____(TRboLAND) Pandan sezon vakans lan kòmanse pran vitès ak aktivite kiltirèl epi lwazi ap miltipliye nan divès kwen, Komisè Gouvènman Pakè Pòdpè a, Mèt Jeir Pierre, lanse yon avètisman sevè bay tout pwopriyetè disko, klèb, ak moun kap òganize pwogram pisin ou tisourit ak atè plat yo. Objektif mezi sila, se pwoteje minè yo kont eksplozyon aktivite ki pa apwopriye pou laj yo.

Komisè a fè konnen, li okouran ke peryòd vakans lan toujou pote yon ogmantasyon nan aktivite amizman, men li raple ke chovi ki poko gen 18 lane pa dwe jwenn aksè nan espas sa yo san sipèvizyon paran yo.

Li mete aksan sou yon priyorite pou prevni eksplwatasyon seksyèl ou aktivite drevayèz sou timoun yo, sitou nan ka kote yo jwenn adolesan 14 a 15 lane ap patisipe nan aktivite ki gen gwo pòtray, mizik ak alkòl, ki pa koresponn ak laj yo e lalwà.

Komisè a fè konnen ke Pakè a pral pran sanksyon sevè kont nenpòt disko oswa pwogram ki aksepte ankouraje presans minè, e ki ap kontribye nan fòm pwostitisyon kache, eksplwatasyon oswa endisiplin sosyal.

Mezi sa yo antre nan kad batay kont delenkans jivenil, vyolasyon dwa timoun, epi li mete aksan sou nesesite pou sosyete a jwe wòl li nan proteje jenerasyon kap vini an.

Share:

Leave a reply