Mèri Pòdpe lanse operasyon leve machann yo nan Ri D. Estimé, tansyon monte ant machann ak otorite yo

304
0
Share:
TRiboLAND

11/11/2025

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Mèri Pòdpè lanse yon gwo operasyon pou retire machann ki te okipe Ri D. Estimé depi plizyè lane. Mezi sa a rive kèk semèn sèlman aprè otorite kominal yo te deja avèti machann yo sou yon parèy desizyon.

Daprè Direktè Mèri a, Vacneur Cedieu, desizyon an gen pou objektif pwoteje machann yo kont danje sikilasyon ak lòt risk ki t ap menase yo sou wout la. Li fè konnen Mèri a deja idantifye yon nouvo espas pou relokalize yo, men li pa vle devwale kote a kounya pou evite dezòd. Selon li, « Mèri a pa ka mete moun yo nenpòt kote san planifikasyon ni san respè pou nòmalizasyon ».

Sepandan, mezi a pa fè lòd nan mitan popilasyon an. Plizyè machann leve kanpe pou denonse fason Mèri a ap mennen operasyon an. Yo akize otorite yo de mank plan, mank dyalòg, epi yo pale de yon bilan yo konsidere kòm « nil » aprè prèske 10 lane nan tèt administrasyon an. Machann yo souliye yo pa kont leve a, men yo mande Mèri a pou ba yo kèk jou pou vann pwodwi ki ka gate epi prepare yo pou deplase.

« Nou pa vle fè dezòd, men nou bezwen respè. Ann ba nou tan pou nou vann sa nou genyen epi chèche yon kote pou n kontinye fè ti lavi nou », se deklarasyon kèk nan machann yo ki santi yo viktim nan fason operasyon an ap fèt.

Pou kounye a, tansyon rete vivan ant machann yo ak otorite yo, nan yon konjonkti kote kesyon espas piblik ak òganizasyon vil la kontinye sou fowòm piblik la nan Pòdpè.

Share:

Leave a reply