Anviwonnman : Lanmè nan vil Anzdèno pa sispann detere mò nan simityè lokal la

495
1
Share:
TRiboLAND

03 – 21 – 2025

Anzdèno, Ayiti_____(TRiboLAND) Si simityè se yon espas pou mò yo repoze nan tout trankilite, nan komin Anzdèno se kontrè e se yon veritab dràm anviwonnmantal.

Depi yon bout tan, menm jan ak simityè Senlwidinò, lanmè komin Anzdèno pa sispan ofri gro espektak degradation anviwonnmantal. Lanmè melanje ak move tan pa sispann demantle espas simityè lokal rejyion an. Konsa, popilasyon pa sispann mete 2 men nan tèt yo, lòske yo ap konstate dega anviwonnmantal yo ki genyen pou wè avèk destriksyon yon seri kav, ki pafwa menm arive detere yon seri kadav.

Sitiyasyon malouk sila pou anpil sitwayen ki tap depoze bay TRiboLAND.com, konfime ke yon parèy fenomèm genyen gro konsekans sou sante moun kap viv nan anviwonnman an, sitou pwason yo ak moun kap frekante plaj nan komin Anzdèno.

Sitwayènn ak sitwayen sa yo, ki di sa pa nòmal pou nan plen 21yèm syèk sila, pou otorite konsène yo pa arive fè dilijans pou prevni yon parèy dràm anviwonnmantal. Kidonk, residan ki pran gro panik yo, mande prezans , majistra komin Anzdèno a, pwofesè Richard Marciano, ak direktè Anviwonnman an Kelly Maxia, san pa bliye direktris Pwoteksyon Sivil Grandans lan, Christine Monquele. Kidonk, pou anpil moun, antite sa yo dwe aji san pèdi tan e menm ta dwe egalman deklare “Eta Dijans” rejyional fas ak yon parèy dràm ki montre nan ki kondisyon dirijan sangwen nan pi wo nivo Leta a, vle sitwayen yo viv.

Antouka, me sa ki ka rive yon peyi, sitou lè moun ki pa moun vle dirije moun!

Share:

1 comment

Leave a reply