Dràm: degradasyon anviwonman an ap akselere chak jou ki jou nan divès seksyon kominal Tigwav.

1,130

05-18-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon entèvyou li akòde ak laprès aprèmidi mèkredi 17 me 2023 a, Agonòm Noël Alex deklare, li gen gwo kè kase fas ak degradasyon anviwonman an kap akselere nan divès seksyon kominal Tigwav akòz debwazman masiv peyizan yo ap fè san rete nan tèt mòn yo.

11èm seksyon kominal Tigwav nan lokalite Volan, Dyara, Dipi, Kanyas e Dorilas, bagay la dejenere; nan 12èm seksyon kominal Tigwav, genyen Ladig, Boudo ak Koulon, pa genyen bouch pou pale nan debwazman; aloske nan 8èm seksyon genyen Mòyèt, Wo barèt se kèk seksyon ki pi afekte nan debwazman nan komin Tigwav.

Pou agonòm Nòêl Alex, pye kwa yo peyizan yo ap koupe san rete nan tèt mòn yo nan seksyon yo, sa genyen gwo konsekans sou tè a ak nap dlo yo ki lakoz abitan yo nan gwo difikilte pou yo jwen dlo pou yo bwè ak bezwen domèstik yo.

Toutfwa, Agonòm Alex kwè otorite lokal ak santral yo dwe fè yon entèvansyon rapid fas ak dram sa a sou degradasyon anviwonman nan plizyè seksyon kominal Tigwav.

Nan peyi serye ki pa genyen gouvènman idyo, leta genyen pou devwa: asiste e edike popilasyon an nan prezève pyebwa ki se lavi tout sosyete; li genyen egalman kòm devwa arete e pini sevèman tout kriminèl otodestriktif kap presipite disparisyon tout yon peyi nan koupe pyebwa ou detwi anvironman an sou pretèks yo grangou!

Comments are closed.