Joseph Lambert ta sanble pwàl nome pwezidan pwovizwà nan kèk èdtan

1,876

09/14/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Ayiti kontinye ap patoje nan labou! Anpil jounal anlyin pa sispan klewonnen jodi madi 14 septanm 2021 an posiblite envèstiti nouvo Pwezidan Annatandan peyi Dayiti a, Joseph Lambert ki pwevwà pou materyalize nan kèk èdtan nan ti rès palman an ki deklare sou pwetèks li vle pran responsablite istorik li.

Se yon seremoni ki konte mete an evidans egalman pwemye diskou Lambert anvè nasyon ayisyèn nan akoz degrengolaj peyi a ki pa sispann pran nan angrenay politisyen makak, vwayou, kidnapè, enkilpe, kòwonpi, eskanmòtè, raketè, imoral, sangwen, inyoran kap anbarase tout ayisyen atravè monn lan nan pa ka jere peyi.

Ki sa ki pozitif ki kapab sòti nan yon ti miyèt palman ki genyen senatè kidnapè ki pwàl pwosede ak nominasyon yon lòt senatè ki pa genyen yon bon pase? Se you seri antite ki mete nou kote ke nou ye la deja! Konsa, se dràm sou dràm ak malpwòpte sou malpwòpte pi rèd! Peyi a ta sanble genyen yon defisi moun ap moralite.

Pandan tan sa, moun kapab remake yon pakèt rafal kout zam otomatik pasispan chante nan perimèt Bisantnè a, yon zòn gwoup gang sangwen yo achte lajan kontan depi plizyè lane. Paralèlman, yon latriye machin nèg kostume deja sou plas devan lakay senatè Lambert nan kàd seremoni pwete sèman an nan ti rès palman an.

Comments are closed.