Dram nan Sitadèl Milo, plis pase 13 moun deja pèdi lavi yo aprè yon toubiyon

04/11/2026
Milo, Ayiti ______(TRiboLAND) Yon gwo dram frape komin Milo jodi samdi 11 avril 2026 la, nan zòn Sitadèl Laferyè, kote selon premye enfòmasyon ki disponib yo, plis pase 30 moun deja mouri aprè yon ensidan ki ta rive pandan move tan an. Daprè temwen ak moun ki te sou plas, yon toubiyon (bouyara) ki te fòme akoz kondisyon metewolojik yo ta lakòz gwo panik nan espas la.
Selon enfòmasyon kap sikile nan antouraj la, gen moun ki fè konnen se ta yon sèl pòt ki sèvi ni pou antre ni pou soti nan lokal la, sa ki ta vin agrave sitiyasyon an lè moun yo te eseye kouri pou chape anba danje a. Se nan moman panik sa a anpil moun ta pran nan foul la, pandan lòt yo ta blese gravman. Jiska kounye a, pa gen okenn konfimasyon ofisyèl sou detay egzak sikonstans yo, men plizyè sous lokal rapòte ke lopital Milo ta deja kòmanse resevwa viktim yo.
Pou moman an, otorite yo poko pibliye yon rapò final ofisyèl sou kantite viktim yo ni sou vrè kòz trajedi a. Sit la menm se yon patrimwàn istorik enpòtan nan peyi a, e li deja te fè fas ak kesyon sekirite ak pwoteksyon nan tan pase.






