Dràm ak rèl nan Gonaiv : yon polisye pann tèt li aprè ke li egzekite 3 lòt moun nan fanmiy li

2,370

04/18/2022

Gonaiv_____(TRiboLAND) Vil gonaiv, depatman Latibonit leve jodi lendi 18 avril 2022 a anba gro chòk lè yo dekouvri kadav polisye Blemur Accil, 2 pye devan, yon kòd pit nan kou li e pandyé ak lang soti men longè.

Paralèlman a kèlke distans dràm polisye a, yo ta pràl aprè jwen 3 lòt kadav lakay fanmiy prezume swisidè kriminèl la ki ta krible anba bal. Enfòmasyon yo fè konnen, moun sou katye a ki te oblije rele lapolis nan lanjelus 2è dimaten pou fè konnen genyen gro tire nan kay fanmiy lan, daprè Mèt Vanel Amizial, komisè gouvènman an ki te depeche ak yon group polisye sou sènn nan.

Konsa, pandan ke yo tap fè manèv pou antre nan lakou viktim yo, machin yo te resevwà plizyè katouch; sepandan yo te pran anpil prekosyon pou yo pat fè echanj kout zam. Finalman lè yo resi antre, yo te jwen 3 manm fanmiy yo mouri e krible ak bal. E sou jous aprè yo ta pràl vinn jwenn kò sanvi polisye pwezume kriminèl la pandye nan yon lòt lakou.

Anpil espekilasyon ta fè konnen ke se polisye a menm ki touye: sè li Wisline Accil; nyès li Rosederline Ceide; ak bòfrè li Ilfradieu Ceide. Sepandan, otorite responsab yo deja dilijante yon ankèt pou detèmine koz yon parèy dràm nan site Endepandans lan.

Comments are closed.