Mande pou aktivite dwonn kamikaz yo kanpe, LONI ta sanble fè ayisyen sonje pozisyon ansyèn reprezantant li, madam Helen Lalime anfavè gang yo

TRiboLAND.com
Anpil rimè ta vle fè kwè òganizasyon Nasyon Tèt Kole yo, ta sanble kanpe ankwà e menm ta egzòte Lapolis Nasyonal pou mete yon kanpo nan itilizasyon dwonn kamikaz kap pete kannkès zago loray yo ki ap miltipliye vyolans ki pran yon dimansyon non retou anndan peyi Dayiti. Sou yon parèy enfo ka sikile sou rezo sosyàl yo, ke moun pa kapab jistifye, anpil sitwayen genyen anpil rezèv.
Sepandan, pou anpil moun ki kwè nan rimè, yo estime ke se devyasyon ak pwopagann moun ki danse kole ak gang yo ap fè, jis pou ralanti kous aktivite pawezaj dwonn kamikaz yo ki ta sanble ap bay bonjan espwa grese sere kap mete donbwèy nan kannkès teworis sangwen yo.
Kèk lòt moun, nan refleksyon pa yo, rete kwè ke Òganizasyon Nasyon Tèl Kole yo, ta pèdi yon fèy si reyèlman yo ta abòde kesyon itilizasyon dwonn nan ak anpil iresponsablite ki ta bay enpresyon reselè ki chita sou “nen pran kou e je kouri dlo”. Deplis, kritik sila yo tou pwofite raple òganizasyon LONI an, ke se yo menm, atravè reprezantant Sekretè Jeneral LONI an, madam Helen Lalime (BINUH) ki te federe gang anndan peyi Dayiti sou prezidans Jovenel Moise la. Yon evantyèl pozisyon LONI anfavè gang yo, pa kapab etone pèsonn moun.
Antouka, kritik yo avanse, sa kap pase la jounen jodi a, depase konpetans Nasyon Zini, ki pase plizyè deseni ap kraze dola sou do pèp ayisyen san bay rezilta. Anplis, yo estime pi bon bagay ke Òganizasyon Nasyon Tèt Kole yo, ki fini ak Ayiti nan pwopaje kolora sou tèritwà Dayiti a, se ta dispoze plis materyèl tankou dwonn kamikaz bay polis nasyonal la ki montre plis volonte nan fè bandi teworis yo respekte dwà pou moun viv. Nan sa teworis yo ap fè nan peyi Dayiti, pa kapab gen dwà pou teworis ki deja vann dwà yo nan retire dwà lòt moun chak jou ki jou!






