Si vrèman dwa moun egziste sou planèt la, politichyen ak richyen ayisyen yo ta dwe jije e egzekite nan nouvo entènasyonal!

1,591

Par Enel Richard

Me ki sa yon richyen ayisyen vle di: yon richyen ayisyen se yon moun ki voras li devoran nan chèche posede e gen kontwòl tout bagay san pitye ou konsyans; li fè tankou lap travay chak jou ki jou, pandan ke li nan konivans ak politisyen kòwonpi nan leta a, pou kreye pètibasyon ak grèv nan enstitisyon etatik yo, yon fason pou yo destabilize jiskaske yo achte enstitisyon an nan men leta pou piyay.

Vrè definisyonyon richyen ayisyen se: demolisè ou tèworis; vrè objektif la se efondre nasyon ayisyèn nan nan tout entegralite li. Richyen ayisyen, mechan tankou chyen, bagay ki rele konsyans lan, yo pa genyen sa menm nan dòmi. Yo tankou yon gro chyen gra ki boure ak grès ke yo fè nan move kondisyon. Konpòtman yo pa diferan de anjandre eta islamik yo.

Me ki sa ki yon politichyen ayisyen: anpil fwa se yon senp sitwayen ki arive nan sèvis piblik nan tronpe vijilans ak nayivte sitwayen ayisyen. Yo pa fasil deklare patrimwànn yo nan moman eleksyon. Yo fò nan manipile moun tèt cho e fè tèt yo pase kòm sovè zòn kote ke yo ap reprezante a. Yo itilize gro trik, fo pwomès e menm tonbe nan konivans ak richyen pou finansman eleksyon. Yon menm kreye pròp group gang yo pou entimide ou manipile vòt elektoral sitwayen yo.

  • Si reyèlman genyen yon bagay ki rele “DWA MOUN” sou latè, li pa egziste nan fason richyen ak politichyen ayisyen trete moun nan peyi Dayiti.
  • Majorite politichyen ak richyen ayisyen
  • Richyen ak politichyen ayisyen 90% responsab somalizasyon peyi Dayiti.
  • 90% richès dechè sosyàl richyen ak politichyen ayisyen yo arive fèt nan piyaj, privatizasyon ak demolisman enstitisyon leta yo.
  • Yo finanse gang ak mèsenè pou yo etann pouvwa ak kriminalite yon kont pèp ayisyen.
  • Politichyen ak richyen ayisyen yo, kache dèyè proteksyon enperaryalis sou pretèks yap travay pou “BLAN” an pou gen lisans pou pèpetre krim, pou evolye nan blanchiman lajan ak komès zam pou efondre Ayiti.
  • Idyo san pitye yo ap batay pou souse ou prije yon mamèl, alòske manman bèf la ap trepase nan malnutrisyon.
  • Se yon ekip sangwen, san idantite ayisyèn, san pitye ou san peyi egalman, ki jwen anpil fyète nan destabilize enstitisyon yon peyi ki reprezante yon matris libète nan je limanite.
  • Majorite senatè depite sangwen peyi a, te genyen anba grif youn ou plzyè enstitisyon kòm byen manman’l ak papa’l.
  • Gaz leta, machin leta, lajan leta, kay leta se pratik ki pi senp lakay polichyen ak richyen pou mete leta ajenou.
  • Politichyen ak richyen malpròp antann yo ase byen pour ache Manman Dayiti pak anpak.
  • Politichyen nwa ak richyen blan prefere mete fòtinn yon nan peyi etranje olye kreye opòtinite ekonmik pou mas yo apovri yo.
  • Politichyen ak richyen ayisyen devore tout san ki tout sa ki sous lavi anndan lakay.
  • Richès kriminèl yo nan bank etranje; yon seri enstitisyon kap souse manmèl la tou a distans e ki pa sispan promote efondreman Ayiti.
  • Richyen ak politichyen san koutcha, fè Ayiti devni yon repiblik gang sou planèt la.
  • Richyen sangwen peyi a, monopolize mache lokal la, kote ke oken pitit sòyèt pa dwe enpòte absoluman anyen anndan peyia.
  • Gade ki sa kriminèl yo ap jere gaz anndan yon peyi e mete lavi tout yon popilasyon andanje poutèt gaz (yo rekile popilasyon an nan itilizasyon limen bwapen ak chandèl).

Eske yon tribinal entènasyonal pa ta dwe jije piblikman politichyen ak richyen ayisyen yo?

Comments are closed.