Mikro trotwà: Koulwa imanitè egal koulwa degize pou proteje enterè yon sistèm kolon kriminèl “peze souse” ki pa sispan efondre Ayiti.

1,418

10-08-2022

Pòtoprens, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon mikro trotwà TRiboLAND efektye atravè kapital peyi Dayiti a, sou yon santèn echatiyon sitwàyen ki kesyon sou desizyon Premye minis defakto a pou envite fòs etranje mete bòt mayas sou tèritwà papa Jan Jak Desalinn nan, près 92% kesyone yo devwale dezaprobasyon yo pou nenpòt ki fòs ki pa janm pa pote plis problèm nan sosyete ayisyènn nan; sitou se menm fòs pwazon sa yo ki deja lage Ayiti nan salte ke l ap naje la.

Patisipan sondaj yo pat manke enumere kantite fòs maskarad anba misyon LONI ki antre e vinn fè kont dega tankou, kolera, abandone timoun dèyè e pa menm arive reyalize 10% nan misyon inisyal li ki te estabilize e garanti lapè sou tèritwà. San pale de yon katafal magogo lajan, òganizasyon koupyon sa yo ap fè sou do problèm pèp ayisyen an ki pa janm benefisye yon 10è nan sa yo kolekte nan men lòt peyi sou non li. Pou patisipan sondaj la, se yon mouvman rakèt ak plan kolon kriminèl degize (FMI) pou kontinye kenbe Ayiti anba titèl feròs jiska yon eradikasyon total kapital, daprè Eden Dossous ki tap opine nan Ri Bònn Fwà nan Pòtoprens.

Pou anpil opinyon, yo wè rara mèt dàm sa yo deja! Se yon seri fòs ki toujou antre anndan peyi a anba kouvèti imanitè pou yo konsolide ou ranfòse dominans yo pi byen e kase ren tout mouvman popilè ki vize chanbade enterè kriminèl oligat yo ki genyen 90% richès peyi a anba grif yo.

Angro, jwèt marèl Nasyon Zini, Core Groupe, ak Ariel Henry, plis vize pou  kore pouvwà PHTK, fasilite konpayi petròl yo jwen gaz la ki bloke, ak prezève tout lòt biznis kolon yo ke popilasyon an menase nan dènye jou sa yo. Sepanda, pèp ayisyen an nan dènye jou sa yo, fè li klè ke li pa soti vale nenpòt ki wololoy anba anstans kriminèl ki enfekte anba nostalji kolonizasyon.

Konsa, pou kèk moun, se byen konte malkalkile. Yo rete kwè ke, yo grandi, yo wè e yo aprann anpil bò kote peyi kolon yo ki deja desann kanson yo nan peyi Dayiti e ki genyen depi digdantan pran yon malen plezi ap dezimanize ras ayisyèn nan atravè yon seri dominasyon kriminèl ki pa sispan pase anba pye souverènte nèg lakay. “Yo genyen depase 200 lane pi ke yap batay pou ekstèmine nou, depi ki lè yo te reyèlman sansib pou vi moun nan peyi Dayiti, selon Gédeus Vildor, yon chofè moto ki tap depoze.

Pou ki sa pat genyen koulwà imanitè lè ayisyen tap mouri anba “Kolera Ble” LONI an, daprè Sultanne Duclos, yon rezidan Fontamara ki rete kwè se yon propagan pou yon entèvansyon imanitè degize, kap antre vin jere kòm toujou enterè fòs opresè a ak kore Ariel Henry kòm koutche kap fè travay sal pou antite entènasyonal yo ki jwen anpil jwisans ak satisfaksyon nan etrangle peyi Dayiti nan tout nivo?

Pou Ivner Charles, “se san wont, san santiman! Pa genyen anyen pou yon moun ta espere de yon fòs entènasyonal ki asèpte supòte yon premye minis ki endkse nan lanmò yon prezidan; se posib genyen yon seri “deal sal” ki fèt sou do peyi a. Antouka, se ti piyay nou ye; nap pare tann yo”, toujou selon Ivner, yon patisipan nan yon seyans mikro trotwa.

Ariel kòm leader konze iresponsab, solisite bòt mayas anndan peyi a, nan objektif pou konsolide pouvwa PHTK ak pou kontinye kreye koulwa pou kolon feròs yo nan yon pòsyon nan kominote entènasyonal la; e pou fasilite klas tèworis finansyè kap apovri sosyete ayisyèn nan pandan yap kontinye etrangle pèp ayisyen an nan tout nivo. Li klè pou tout moun, se ankò yon veritab konplo pou ka genyen kontròl protestasyon yo ak proteje enterè boujwazi san pidè a anndan peyi a.

Li bon pou remake: olye yo desann gaz la pou satisfè revandikasyon yon pèp kap esoufle anba lavi chè ak gallon gaz 5,000 dola ayisyen, kriminèl yo prefere ale tèt dwàt nan entèvansyon pou kase fe tout mouvman popilè nan objektif pou repouse yo pou yon lòt 20 lane ankò. “Se byen konte mal kalkile! 1915 pa 2022…. e 2004 pa 2022”, daprè Rosalie Moncher ki pa ekate anpil rezistans popilè ak dezobeyisans sivil pou dejwe plan newo-liberal kolon yo tankou jan sa ap fèt atravè kontinan Afrik la, patikilyèman nan Santafrik, Mali, Burkina Faso elatriye.

Enel Richard

Comments are closed.