BMPAD: Ayiti resevwa plizyè kagezon barik petwòl pou weekend nan

0 245

Pòtopwens__(TRiboLAND) Direktè Jeneral Bureau Monétisation des Programmes d’Aide au développement (BMPAD), Msye  Fils-Aimé Ignace Saint-Fleur avize tout piblik la rive yon kagezon 53 mil baril petwòlye nan peyi a ayè Samdi a. Konsa, li pwesize ke pwodwi petwolyè sa yo ki deja sou yon bato nan tèminal Thor-a klasifye an 40 mil barik dizèl, 12 mil barik gazolenn ak 1000 barik kewozenn.

Msye Saint-Fleur konfime egalman 205 mil barik pwodwi petwolyè ki te gen pou antre nan weekend nan e ki klasifye konsa: 100 mil barik dizèl, 70 mil barik gazolenn ak 35 mil barik kewozenn. Direktè a kontinye pou-l di ke distribisyon pwodwi sa yo ap kòmanse fèt  Lendi 2 Sèptanm 2019 la.

Li envite popilasyon an pou rete tèt fwèt e demanti yon seri rimè ki ta vle fè kwè ke gen ratman gaznan peyi-a alòske pou li menm se ponp gazolenn yo ki gen ratman an.

Leave A Reply