Miami : Nan chèche wout padon, yon ansyen pwezidan Dayiti resevwa yon deblosaj imilyasyon nan Legliz Katolik Notre Dame d’Haiti

728
0
Share:
TRiboLAND

03 – 17 – 2025

Miami, Florid _____(TriboLAND) Nan chèche wout legliz pou jwen padon Gran Mèt la nan pelerinaj “c’est ma faute”, ansyen prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly manke kite po li ak tout madanm li, Sophia Martelly nan moman sèvis dominikal Legliz Katolik Notre Dame d’Haiti a, ki trouve li nan nan mitan très cheve kominote ayisyèn an nan Florid.

Deblosaj yo te deklentche aprè ke prezidan bandi legal la ki te jwen rekòmandasyon kire pawàs la, Pè Réginald Jean-Mary pou prezante tèt li; konsa, kire a te estime se ta manke responsablite pou li pa ta prezante asanble a vizitè gran Toryan yo ki te yon tijan pentad, pentad an chalkalis. Ki donk, mesyedam yo te oblije salye legliz; alòske gro deblosaj mete avèk plizyè fidèl ki estomake fas ak prezans yon prezime kriminèl ki kontribye anpil nan efondreman peyi Dayiti.

Zenyè ki te la, nan fen lamès matinal la, pat manke gade gro espektak sila, kote ke yo mete nan bòl Martelly ak tout madanm li Sophia Saint Rémy Martelly. Youn nan pwotestatè yo ki tap rele chalbarik dèyè annafè yo devan legliz la, te menm rive voye yon boutèy dlo sou ansyen lidè PHTK (Plonje Hayiti Tou Kanpe) a, Michel Joseph Martelly ki te san dout reyalize pye li pa byen, e sa ou plante, se sa ou rekòlte!

Share:

Leave a reply