Ansyen senatè repiblik la, Nenel Cassy fè aparisyon li nan pakè aprè manda koukouwouj DCPJ a

593
0
Share:
TRiboLAND

03 – 17 – 2025

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Ansyen senatè Nip la, Nenel Cassy resi parèt tèt li nan pakè Pòtopwens lan jodi lendi 17 mas 2025 lan. Senatè a ki te genyen yon avi rechèch koukouwouj ke DCPJ te emèt dèyè li, te oblije anpil rimè ak espekilasyon sou karaktè ansyen ofisyèl la ki ta sanble li enplike nan anpil salmanaza, patikilyè akwentans li ak gang anndan peyi Dayiti.

Enfòmasyon yo fè konnen ke Nènèl, aprè aparisyon sila devan otorite jidisyè yo, pa mete fen nan yon seri ounou ounou ki ta sanble pa sòti pou demare pye Nenel, ki politikman ap pèdi plim sou teren politik peyi Dayiti a.

Kèk gro chabwàk nan DCPJ ki vle rete anonima, ta konfime ke dosye Nenel Cassy a poko transfere nan pakè Pòtopwens; e avi rechèch koukouwouj la toujou rete anchalkalis.

Share:

Leave a reply