Nan okazyon fèt maman an, etidyan lekòl dwa yo vizite maman yo nan prison sivil lan Jeremi an

668
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan okazyon fèt maman yo, etidyan lekòl Katolik Dwa a nan Jeremi, vizite prisonye yo nan sant kaseral “Cité des Poètes” la. Konsa, pandan vizit sila, etidyan yo ki vle eksprime solidarite ak tout manman kap jemi dèyè bawo, te distribiye kado bay tout prizonye fanm yo ki enkasere nan prison sivil Jeremi an.

Etidyan yo, te mete aksan sou kondisyon fanm yo ki pa kòdjòm nan sosyete a, menm jan ak tout maman ki kwoupi dèyè kàt miray prison sivil Jeremi an. Konsa, group etidyan sila yo, mande dirijan yo nan aparèy jistis lan, pou respekte dwa fanm detni yo, jan manmà lwa peyi a egzije sa ak konvansyon sou deklarasyon inivèsèl dwà moun.

Share:

Leave a reply