2 konfrè avoka goumen antre yo pou tè nan komin Tigwav.

260
1
Share:
TRiboLAND


08 – 13 – 2024


Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) 2 konfrè avoka goumen antre yo e blese grav pou diskisyon tè nan komin Tigwav apwèmidi madi 13 dawout 2024 la, nan lokalite Beyatris, yon zòn ki tou pwè wout Nasyonal # 2 a.

2 konfrè avoka yo, mèt Brignol Gelesse ak mèt Théodore Athus, swadizan ki genyen “Lajistis” kòm bousòl yo,  blese grav nan kase pari; yo chak te ak zam blanch nan men yo dapwe sa temwen ki te sou plas rapòte bay TRiboLAND. Pou koulya la a, yap resevwa swe medikal ke ka yo nesesite nan lopital Jeneral Notre Dame Tigwav la. Antretan, lapolis fè 4 arestasyon nan kad dosye konfli tèryen sila a.

Nap fè remake, ni Brignol Gelesse, ni mèt Théodore Athus, se 2 konfrè avoka kap fonksyone nan Bawo jiridiksyon Tigwav la. Gen moun ki estime, responsab yo nan pi wo nivo ta dwe revoke lisans annafè yo, ki bay Lajistis yon gro souflèt moral.

Share:

1 comment

  1. Ducasse Christopher 14 August, 2024 at 13:08 Reply

    Bon tankou deux ronivo ki ta dwe yon egzanp Pou sosyete a se aksyon sa yap fè esk se yon bon imaj?

    TRIBOLAND latortue

Leave a reply