Divès prizonye nan yon sitiyasyon kritik nan prizon sivil Jakmèl la, komisè gouvènman an fè men leve pou kèk nan yo

07 – 19 – 2024
Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Komisè Gouvènman Pakè Jakmèl la nan kad yon vizit nan prizon sivil la, libere 19 prizonye ki pat nan prizon pou gwo zak malonèt, jounen vandredi 19 jiyè 2024 la.
Chèf pakè a pran desizyon sa parapò ak move sitiyasyon makaron prizonye yo nan prizon an. Divès nan yo malad, pwoblèm ijyèn ak lamanjay pou-n site sa yo sèlman.
Otorite lokal yo mande sipò moun ki gen bòn volonte yon fason pou yo lonje men bay frè ak sè nou yo ki nan prizon pou yon rezon ou yon lòt.





