Avoka nan bawo Pòtoprens yo pran lari pou mande jistis pou Mèt Monferrier Dorval

236

11\28\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Yon krèy avoka nan bawo Pòtoprens, òganize yon sit-in nan zòn Kou Kasasyon ak Palè Nasyonal jodi samdi 28 novanm 2020 an pou reklame jistis pou Mèt Monferrier Dorval ke bandi sangwen te asasine lakay li nan dat ki te 28 dawou nan Pèleren 5, prèske anba vant rezidans Prezidan Jovenel Moise.

Depi lè a, pouvwa Jovenel la pa manifeste volonte pou fasilite yon seri komisyon ankèt endepandanentènasyonal envèstige sou krim lawont sa ki anbarase laprezidans, daprè refleksyon avoka yo. Yo mete anpil anfaz tou sou akwentans Palè Nasyonal ak plizyè prezime kriminèl tankou, Mackendler Fils-Aimé, Dunes Vilpique alias Jah, Valery Dort, ak Modlet Sénégeau alias Abidy ki koulya dèyè bawo, daprè ankèt preliminè polis jidisyè yo.

Antouka, nan okazyon twazyèm mwa depi asasinay Batonye Dorval, anpil avoka pote boure jodi a pou fè tande vwa yo ak endinyasyon yo fas ak lantè demwazèl responsab yo ki ta sòti pou depatcha dokiman ak fè briganday ak yon parèy dosye. Avoka protestan yo ki te genyen moun tankou André Michel ki te sinyale prezans li kòm avoka ki detèmine pou toujou kanpe bò kote konfrè ak konsè avoka li yo sitou nan kad legal.

Defansè Lajistis yo te profite lonje dwàt jouda sou sa ke yo rele kolizyon ou konfesyon Jovenel Moise la ki te konfime an piblik ke madanm li te gentan genyen video asasinay batonye a sou telefòn li vè 10:15 alòske batonye a asasine vè 10:13. Yon parèy deklarasyon “timing bouki,” raproche koup prezidansyèl la pi prè envèstigasyon krim nan. Konsa, nan sit-in nan, avoka yo kontinye ap egzije aske lajistis tande Premye Dàm Martine Moise nan yon parèy dosye.

Comments are closed.