Plizyè avoka nan Bawo Pòtoprens depoze yon plent fòmèl nan kabinè enstriksyon kont plizyè konplis nan asasinay 5 ajan BSAP yo.

938

02 – 10 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Kabinè avoka Mèt Evel Fanfan nan tèt kole ak divès lòt avoka nan Bawo Pòtoprens lan, depoze nan dat ki te vandredi 09 fevriye 2024 la, yon plent fòmèl nan kabinè enstriksyon kont tout otè entèlektyèl, konplis zak asasinay 5 ajan BSAP yo, ki te tonbe nan dat ki te 7 fevriye pase a nan Laboul.

Plent sa a vize plizyè pèsonalite tankou, ajan egzekitif enterimè komin Petyonvil la, Kesner Normil, responsab komisarya Petyonvil la, komisè gouvènman Pòtoprens lan, Mèt Elder Guillaume, poun site sa yo sèlman.

Pou limyè blayi, kabinè avoka Mèt Evel Fanfan nan tèt kole ak divès lòt avoka Bawo Pòtoprens lan, mande ak otorite jidisyè yo pou mete aksyon piblik an mouvman kont tout polisye sangwen ki konplote pou akonpli krim odye sa a kont 5 ajan BSAP yo.

Comments are closed.