Gang sangwen kidnape e egzekite yon lòt avoka

699

07-04-2023

Avoka Aspil Magloire, youn pami ti group ki toujou denonse sitiyasyon nefas peyi Dayiti a, mouri asasine, aprè ke bandi sangwen te kidnape li.

“Yo te kidnape Mèt Magloire, nan zònn Mònn Kabrit; e yo mete fen nan lavi li san oken fòm pwosè ou ranson”, dapwè yon pwòch nan fanmiy lan, ki tap depoze nan media.

Pou anpil moun, avoka Aspil Magloire te youn pami ti ponyen “homme de loi” onèt e serye ki te egziste anndan peyia. Li tap batay pou yon Jistis Sosyàl san dekoupe lèt ak dlo! Ke nanm li repoze nan Lape e ke li sèvi touman nan lavi sa yo ki presipite lanmò li!



Comments are closed.