Polis minisipal yo nan komin Senlwidinò mete anba kòd yon prezime bandi.

374
2
Share:
TRiboLAND


08 – 13 – 2024

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Polis minisipal yo nan komin Senlwidinò mete anba kòd Adner Beauchard, yon gwo koure bandi ke yo akize kòm moun ki enplike nan vòl men ame, nan sware lendi 12 pou leve madi 13 out 2024 la.

Selon paran ak moun nan kominote Laperyè, Adner enplike nan vòlè kochon, kabrit ak viv nan jaden peyizan yo. Anplis li posede yon zam afe kote’l toujou ap agrese sitwayen pèzib nan seksyon an.

Mal chans pou prezime a, yo sentren’l ak yon zam kreyòl, yon koulin, yon manchèt, e yon frenn apik ke polis yo jwenn nan men Adner Beauchard.

Pou koulya prezime bandi a, ap reflechi ak tout zouti travay li nan komisarya Senlwidinò a pou swit legal yo.

Share:

2 comments

Leave a reply