Kòdonatè KAZEK 3è Seksyon, komin Bonbadopolis la, denonse konpòtman polisye yo, epi plede anfavè bon jan sipò pou komisarya a.

373
0
Share:
TRiboLAND

02-25-2023

Bonbadopolis, Ayiti____(TRiboLAND) Kòdonatè KAZEK 3è Seksyon Plèn Doranj lan, nan komin Bonbadopolis, denonse movèz konpòtman polisye yo ki lakòz yon veritab flanbe nan zafè fenomèn ensekirite a, epi li plede egalman anfavè bon jan sipò ak efektif bò kote polisye yo, ak komisarya a.

Merissaint Eldinor, KAZEK


“Nan rejyon Bonbadopolis la, se ensekirite kap frape popilasyon an. Polisye yo pa vle travay, sèlman yon sèl responsab ki rete nan komisarya a; ti grenn polisye ki la yo, se kò yo y’ap kale”, se deklarasyon kòdonatè KAZEK 3è Seksyon, Plèn Doranj lan, Merissaint Eldinor nan komin Bonbadopolis.

Pou li menm, iresponsabilite ak absans polisye yo lakòz plizyè moun mouri nan aksidan, san konte zak banditism ki achte komin nan lajan kontan.

Plede anfavè ogmantasyon polisye yo, Kòdonatè KAZEK Plèn Doranj lan, Merissaint Eldinor mande ak gouvènman defakto Ariel Henry a, yon sipò rezonab pou komisarya komin sila paske pita ka pi tris.

Share:

Leave a reply