Rediksyon sou taks ak pri ladwàn sou enpòtasyon pano solè ak batri

72
0
Share:
TRiboLAND

05/06/2026

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan objektif pou pwomote ilizasyon enèji renouvlab atravè peyi Dayiti, gouvènman Alix Didier Fils Aimé a deside fè yon dediksyon sou magogo lajan li koute pou antre yon seri ekipman solè ki itil pou yon seri antrepriz, enstitisyon piblik, rezidans nan kolektivite tèritoryàl yo.

Apezman enèjetik sila ki vize yon kad estratejik pou ranfòse tranzisyon enèji a, ap kapab pwomote anviwonman an ak devlopman dirab selon otorite yo. Anplis, responsab yo estime ke yon parèy stimilasyon pral bay moun kap envesti nan sèktè enèji a, yon bon jarèt ekonomik nan vann, reparasyon ou enstalasyon sistèm fotovòltayik ki aktyèlman trè demande anndan peyi Dayiti.

Kèk kritik, estime ke dispozitif sila yo se yon seri desizyon po fig ou krizokal, ki pa reyèlman fè prèv de yon politik enèjetik ki byen djanm e ki kapab adrese trè pwoblematik global peyi a nan elektrisite. Sa ki tris pou anpil moun, se lè ou wè dirijan sangwen ayisyen yo, prefere antre nan demach microwave sila yo, olye yo re-etabli ou kontinye yon seri gwo pwojè alimantasyon elektrik ke gouvènman Jovenel Moise la te deja antame. Anpil nan pwojè sa yo ki pa mande anpil tan pou fini, abandone ou demoli pyès pa pyès anba je dirijan sangwen ki bay kè plen.

Pa genyen oken peyi ki arive devlope inikman avèk enèji solè. Li se yon enperatif pou yo fasilite gro enfrastrikti antèm izin elektrik anvan yon politik ki akse sou enèji renouvlab pou byennèt anviwonman an.

Share:

Leave a reply