Me Félix Applys prete sèman kòm Komisè Gouvènman nan Pakè Pòdpè a, jan la lwa mande sa

1,142

11-14-2022

Pòdpè, Ayiti ____ (TriboLAND) Me Félix Applys prete sèman jodi lendi 14 novanm 2022 a, kòm Komisè Gouvènman Pakè Pòdpè a, vè 11: 30 nan maten. Me Applys ki te pase nan tèt Pakè tap resevwa akèy plizyé dizèn avoka, yon plizyè dizèn moun ki nan Sosyete Sivil la ak otorite piblik. Yon odyans ekstrawòdi ki te prezide anba lobedyans Doyen Tribinal la, Me Yves Mary Périclès akonpaye plizyè lòt Majistra, tankou: Jij Desravines, Durosier ak Cerisier. Yon Ministè Piblik ki te gen nan li, Me Alangue Valbrun, Me Jeir Pierre ak Me Apo. Nan odyans sila te gen prezans egalman nouvo Batonye a, Me Edler Louima; Kòdonatè biwo asistans legal la, Me Jean Eder Mauro; DDNO PNH la, Jean Bruce Myrtil ak Direktè Dwan lan.

Daprè Dwayen Tribinal la, li toujou disponib pou kolerabore ak tout moun. Rekòmanse! Rekòmanse! Nouvo Komisè, nouvo Batonye an nou refè bagay yo. Pandan nap travay pou chanje bagay yo, avoka yo dwe etidye.

Divès entèvansyon te fèt aprè Komisè a fin prete sèman. Pou Me Alangue Valbrun ki te nan tèt Pakè a pou yon ti bout tan, lè-w vle aplike la lwa ak pran la lwa kòm bousòl, wap gen anpil èdmi. Chak fwa yon Avoka pral mande yon libète pwovizwa, li mande kliyan lajan sou pretèks li pral separe-l ak jij ou Komisè, lap transfòme espas la an vilaj Dedye. Mwen reyafime, ke mwen Komisè pou yon ti bout tan, ou Sibtiti se zewo tolerans.

Pou Kòdonatè BAL la, Me Mauri, Komisè Gouvènman gen pou devwa vizite prizon an, pou wè kantite inosan ki swaf jistis paske yo pa janm parèt devan oken jij. Si ou fè sa, wap montre ke-w se veritab papa sosyete a, ak yon veritab chèf kap lite kont detansyon prevantiv pwolonje.

Yon lòt bò, Batonye, Me Edler Louima remèt lis avoka ki fè pati Bawo a, ak non sila yo ki sou sanksyon ki pa elijib pou plede avan menm li raple nouvo komisè a, yo gen yon rezolisyon ki la depi 13 janvye 2022 kont otorite ki nan aparèy jistis ki nan move zafè. Fòk bagay yo chanje, yon deklarasyon ki te jwen benediksyon avoka yo. Sou 365 prizonye ki nan prizon an, genyen 27 sèlman ki konn pou kilè yo la; yon sitiyasyon ki montre kijan to detansyon prevantiv pwolonje wo nan prizon an revòltan. Sak pi grav la, anpil nan yo pa gen dosye nan grèf la. Batonye pouswiv pou di nouvo komisè a eritye yon Administrasyon divize, mòsele, fwagmante, kote chak aktè yo ap fè yon seri bagay ki pa nan atribisyon yo, sa ap mande tan pou li soti, men di egalman sa la lwa mande.

Nouvo komisè a ki te pran lapawòl andènye e ki pat twò long, remèsye Premye Minis defakto a, Ariel Henry ak Minis Jistis la Me Berto Dorcé ki te fè chwa li pou tounen nan jiridiksyon ke li renmen anpil la. Li remèsye tout moun ki nan aparèy Jistis Pòdpè, ki aksepte prestasyon sèman li. Volonte Gouvènman pou li reentegre jiridiksyon an, se pou aji kont detansyon prevantiv pwolonje a, aji kont trafik dwòg, zam ak minisyon. Li prè pou kolabore ak tout moun, menm jan li bezwen kolaborasyon tout moun, daprè Me Félix Applys ki tap depoze.

Comments are closed.