Krim pasyonèl nan Senlwi Dinò: Yon jèn chofè pèdi lavi li aprè li te resevwa yon kouto anba kè

530
0
Share:
TRiboLAND

Senlwi Dinò, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon lòt zak vyolans pasyonèl vin tranble komin Senlwi Dinò, nan depatman Nòdwès la. Yon jèn chofè ki rele Jeanwil, ki abitye fè wout Pòdpè–Kap Ayisyen, pèdi lavi li aprè li te resevwa yon kout kouto anba kè nan men mennaj li, lendi 4 dawout, nan zòn Anba Bouk.

Malgre viktim nan te transpòte prese prese nan lopital Otrichyen Senlwi Dinò a, li pat arive chape, selon enfòmasyon ki soti nan sous medikal.

Daprè enfòmasyon, Lapolis deja mete men sou prezime otè zak la. Otorite yo ap kontinye mennen ankèt e mete sou pye dispozitif legal ki nesesè yo.

Share:

Leave a reply