Fondasyon TRiboLAND: Premye jounen fòmasyon gratis sou dekorasyon nan komin Karis

916

Fondasyon TRiboLAND: Premye jounen fòmasyon gratis sou dekorasyon nan komin Karis

02-25-2023
Karis, Ayiti ___(TRiboLAND) Fondasyon TRiboLAND lanse premye jou fòmasyon sou dekorasyon, jounen samdi 25 febriye 2023 nan Karis. Plis pase yon 50 jèn fanm ak gason reponn prezan nan sa ki gen pou wè avèk devlope konpetans abilite yo.

Sesyon jounen samdi a, plis chita sou ki sa “dekorasyon” ye ak enpòtans li. Lumanise Lucien kap asire fòmasyon an, fè patisipan konnen, aprann yon metye profesyonèl se yonn nan fason ki kapab pèmèt ou bay tèt ou yon alemye.

Se sou direksyon COSA-TRiboLAND, yon ekip solid e byen motive ki te gentan pran tout kè yo, rann posib yo parèy fòmasyon, ki makònen ak misyon Fondasyon TRiboLAND, ki se batay kont delenkans jivenil nan peyia.

Comments are closed.