Kòdonatè kazèk 2e seksyon Sous Bovwà nan komin Chansòlm denonse ekip k ap jere pwojè kaptaj dlo Andwo a

2,189

03/15/2022

Andwo, Chansòlm______(TRiboLAND) Kòdonatè konsèy administrasyon seksyon kominal Sous Bovwà nan komin Chansòlm, msye Mickerlange Darisier, denonse ekip ki tap fè jesyon reyalizasyon pwojè kaptaj dlo Andwo pou rantre nan zòn Degason.

Yon pwojè ki ta pral kòmanse nan dat 20 jiyè 2020 pou tal bout Avril 2020, swa 8 mwa e ki ta pral jwenn grese sere finansman l anba lacharit BID, nan yon wotè 26 milyon goud. Malerezman yon parèy pwojè pa rive egzekite non sèlman nan echeyans tan men tou nan tèm kontni.

Kòdonatè konsèy administrasyon seksyon kominal la, ki li menm santi l vekse fas ak yon tèl enjerans, lonje dwèt jouda li byen long sou yon seri atoufè. Pami atoufè sa yo ou jwenn ansyen depite Fils Joseph nan komin Chansòlm ke li akize kòm youn nan moun ki ta kapab mete Toussaint Willy yon manm Azèk ki se yon veritab pikan kwannan kap bòykote pwojè sila.

Mickerlange Darisier bò kote pal, move kou kong lèl gade malgre pwojè a pako fini, sapa anpeche mesye yo rantre dlo lakay kèk grenn sitwayen epi fè yo peye nan yon pri egzòbitan. Pwojè a kite konte konstwi 3 basen dlo, malerezman yonn nan yo pa rive reyalize san konte kyòs dlo ki pa konstui ki bay men nan machwè!

Li enpòtan pou konnen pwojè kaptaj dlo sila, tap rive egzekite nan divès lokalite tankou : lokalite Dlo Sale, Degason ak Andwo (lokalite ansyèn premyè dam nan, Martine Moise) yon fason pou te amelyore kondisyon dlo potab nan zòn yo ki te trè kritik.

Antouka, n ap sinyale pou ou ke pwojè kaptaj dlo sila kite anpil bouch pa gou lakay sitwayen yo, paske dapwè yo, kòb la gagote moun yo toujou nan bezwen dlo.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.