Lapolis nan kominn Pòdpè poze lapat sou 3 pwezime bandi

170
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè__(TRiboLAND) Ajan Polis Nasyonal yo ki afekte kominn Pòdpè arive demantle yon rezo gang ame yè Vandredi 21 Fevwiye 2020 an. Kout pwivye arive fèt sou twa endividi ame pandan yon operasyon ki te vize pou mache pran tout lòt ganstè ki te gen afilyasyon avèk gwo chèf gang Zile Latòti a “Ipo” ki anba kòd sa pa gen lontan.

Pwezime bandi sa yo ki genyen pami yo chofè dirèktè Biwo Finans Nòdwès la, jwenn arestasyon yo nan yon ti lokalite ki rele “Dewoulen” ki localize a kèlke kilomèt vil Pòdpè, site Kapwa Lamò. Konsa, 2 nan malfwa yo selon sous PNH la ta natif natal Pòtopwens.

Kidonk, Lapolis sezi 2 pistolè ak divès minisyon nan men pwezime bandi sa yo ki koulya nan kalabous nan Komisarya kominn Pòdpè a.

Share:

Leave a reply