Yon deplwaman fòs spesyàlize okipe syèj Ed’H la byen bonè maten an

259

Pòtoprens____(TRiboLAND) Polis Nasyonal Dayiti okipe espas Ed’H la byen bonè maten jedi 23 jwiyè 2020 an nan Pòtoprens nan lide pou neutralize gwo vag protestasyon kont nouvo Direktè a, Michel Présumé.

Sa fè plizyè jou depi ke anplwayè Elektrisite Dayiti ap proteste nominasyon yon nouvo Alatèt e menm denonse kabji ak enfidelite li nan likide ou privatize divès enstitisyon.

Konsa, maten an plizyè inite spesyàlize okipe espas Ed’H la ki localize sou Bisantnè, Pòtoprens. Deplwaman sa petèt gen pou wè avèk yon mezi ki vize pou anlve defi “me kwa manman’w, me kwa papa’w” anplwayè yo e pou fasilite nouvo Alatèt la antre nan biwo li jan sa dwe ye; yon sitiyasyon ki pat posib nan dènye jou yo.

Comments are closed.