Jovenel Moise fè gwo chita pale sou revandikasyon polisye yo nan Palè Nasyonal

0 334

Nan rankont ke li te fè avèk Wo Kòmandman Lapolis la yèswa Samdi 22 Fevwiye 2020 an nan Palè Nasyonal sou dosye revandikasyon polisye yo, Pwezidan Jovenel Moise ansanm avèk Pwemye Minis an atandan an Jean-Michel Lapin te ekspwime fatisfaksyon li sou fason ke PNH la ap bay sèvis.

Jovenel deklare ke se ta manke a devwa li antan garan bònn mach enstitisyon yo si tout fwa li ta rete ensansib fas a revandikasyon polisye yo. Li reyitere volonte li pou li kontinye angaje nan bay bonjan jarèt ak pote kole bò kote polis nasyonal nan sa ki gen pou wè avèk zouti djanm nan egzèsis travay yo.

Pwezidan Jovenel Moise rapouswiv pou li mande fòs lòd yo pou yo miltipliye efò nan konbat bagay ki rele ensekirite a ki pa sispann simen dèy nan kè popilasyon an pandan yap egzèse metye yo avèk afikasite e onè nan non peyi a.

Me kèk dispozisyon Chèf Leta a te pran nan rankont sa, yon fason pou amelyore kondisyon travay polisye yo:

  1. Dispoze yon “fon pote sekou” pou polisye ki arive mouri nan egzèsis travay yo;
  2. Mete soup ye yon komite dyalòg sosyàl nan mitan PNH la. Komite sa ap gen pou pran anchaj revandikasyon polisye yo nan respè avèk nan lòd yerachik lwa enstitisyon an;
  3. Pase men sou lwa PNH la yon fason pou bay polisye ki fè pati inite espesyalize yo yon estate tou nèf;
  4. Yon magogo espesyàl ki pral disponib pou kouvèti yon asirans nan pwochen bidjè a;
  5. Polisye ki gen plis ke 50 rekòt yo e ki nan nesesite besewn pwofesyonèl ap gen posibilite pou benefisye yon seri avantaj ki chita sou eksperyans pwofesyonèl pou konvèsyon pwofesyonèl yo;
  6. Yon sistèm bakaloreya kap fèt nan tèt kole avèk Ministè Edikasyon Nasyonal kap fasilite pwomosyon metye a;
  7. Ti kat debi a ap soti nan 5,000 goud pou rive nan 10,000 goud apati pwemye Mas 2020;
  8. Gouvènman an pral lanse yon pwogram lojman sosyàl nan Delma 33.
Leave A Reply