Gwo lapli ki tonbe sou komin Tigwav nan lannwit lendi 03 avril 2023 a, lakoz abitan kap viv nan lokalite Nan Bannan genyen gwo kè kase.

949

04-04-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Gwo lapli ki tonbe sou komin Tigwav nan lannwit 3 pou louvri madi 4 avril 2023 a, lage gwo kè kase nan mitan abitan kap viv nan zòn Nan Bannan, yon lokalite tou pre sant vil la, akòz rivyè Kayiman kap bay payèt.

Abitan yo ki deklare, depi yo remake tan an mare nan tèt mòn nan, yo genyen gwo kè kase, yap dòmi yon je louvri, yon je fèmen. Konsa, yap veye pou rivyè Kayiman pa anvayi yo, lè yo konsidere gwo dega dlo sila a kapab fè chak fwa l’ap desann.

Sitwayen, sitwayènn yo, pa manke mo pou repwoche otorite yo, yo di chak fwa yo pase vizite yo, pote dlo, grenn diri ak lwil aprè rivyè Kayiman fin desann e inonde kay abitan yo, epi pote ale nan lanmè tout sa yo posede.

Fwa sa a, abitan yo esplike yo pa bezwen grenn diri ankò; se grabyon pou yo mete bare rivyè a prese-prese, ki dapre yo, tè pa konn bare dlo.

Nap raple, nan dat 18 septanm 2020 pase a, rivyè Kayiman te desann e inonde kay tout abitan nan zòn Nan Bannan, sa lakoz te genyen 4 moun ki pèdi lavi yo, pami yo yon timoun; yon evènman ki kite anpil gou amè nan bouch chak grenn sitwayen e sitwayènn yo

JOICY Arnold

Comments are closed.