Me ki sa ekip ki reprezante Jovenel Moise la ap delivre nan Pòdpè, Site Kapwa Lamò

528

Pòdpè____(TRiboLAND) Ekip Jovenel Moise la nan Nòdwès, patikilyèman nan vil Pòdpè afiche yon enkonpetans repunyant ak yon leadership santi kri, ki mal reprezante egzekitif la atravè yon politik kochonnri ak fatra ke moun poko janm wè.

Wi, konsta a se reyèlman proliferasyon kochon kap sikile anndan vil Pòdpè anba je yon swa dizan yon katèl sankoutcha ke prezidan Jovenel Moise rekondwi san konte “sa” yo ki swa dizan reprezante pouvwa a nan Nòdwès, pa reyèlman fè onè prezidans lan ou PHTK nan yon vil ou yon depatman ke y’ap dirije.

Gade nan ki nivo yon group moun enkonpetan ap jere yon vil, ki nan pase’l pa’t janm reve tonbe anba men otorite raketè initil ka’p travay chak jou pou fè Leta disparèt nan imajinasyon tout sitwayen! Anplis, youn nan pi gwo kesyon yon moun dwe poze, ki move lwa rasyàl ki danse nan tèt prezidan Jovenel Moise ki toujou pouse’l fè chwa ki toujou enkonpetan nan majorite desizyon senplistik ke l’ap pran? Ant “bon” e “mal”, prezidan Jovenel Moise toujou fè chwa “mal” la! Franchman, se inimajinab pou yon dirijan avèti lage yon depatman nan men yon gwoup zanmi ki pòv an leadership, enkonpetan e ki detèmine pou banalize ou somalize vil Pòdpè, kote “Shoubou” Tabou Combo soti a.

Fatra ak moun k’ap viv nan mitan kochon nan yon vil sal e sikre pouse moun mande: ki sa ansyen majistra rekondwi Josué Alusma reprezante nan Pòdpè? Ki sa Delege Sony Dodoille itil kòm reprezantan Jovenel nan Nòdwès? Ki sa Komisè gouvènman Jean Volny Bellamin reprezante nan depatman an? Ki sa Direktè depatmantal PNH la itil nan Site Kapwa Lamò a? Ki sa ki reprezante ministè Afè Sosyal nan Pòdpè? Ki sa ki rele “Proteksyon Sivil nan Pòdpè? Ki sa ki reprezante Anviwonnman? Ki sa ki pèmèt Pastè, Prèt, Jij e Avoka, Medsen, Jounalis ak Ansenyan asèpte viv, manje, travay ak sikile nan yon espas kochon ak fatra achte lajan kontan? Finalman, ki sa ki Leta a nan Pòdpè?

Ou te ka panse menm pou onè leadership prezidansyèl, pou respè ak orijin prezidan an ak Premye Dam Martine Moise, pou konfyans prezidansyèl ki mize sou nominasyon ekip ki reprezante pouvwa a nan Nòdwès, malerezman se nan yon anbyans fatra ak anviwonnman kochon ke otorite lokal sa yo lage konfyans egzekitif.

Jacob Bendalham

Comments are closed.