Michael R. Pompeo, Sekretè Deta Ameriken an sou Jou Endepandans Dayiti

182
0
Share:
TRiboLAND

Nòt Depwès

Nan non pèp Etavini an, Mwen Aplodi pèp Ayiti a nan okazyon 216 èm anivèsè endepandans ou.

Istwa fòmasyon Ayiti – kòmanse nan rebelyon tout sa yo ki te enchennen nan esklavaj pou rive nan kreyasyon yon repiblik ki chita sou pwensip demokratik – tout sa se evidans de tout sa ki kapab akonpli lè yon pèp detèmine pou travay nan tèt kole pou yon bon kòz.

Jou endepandans Dayiti fè nou sonje ke nou kapab arive jwenn grandè lè sitwayen ak lidè politik wè kominote y oak peyi yo avan tout bagay. Nou swete Nouvèl Ane sa rale tout pati nan yon sèl tèt kole e nan yon dyalòg san fòs kote ki kapab mete fen ak enpas politik ak rezilta avèk yon gouvènman ki ap reponn a bezwen ijan Pèp Ayisyen an.

Kòkòday ant peyi Etazini ak peyi Dayiti vinn pi fò akoz pataj aspirasyon nou ak koneksyon djanm ki egziste ant pèp Ameriken ak pèp Ayisyen.

Mwen swete pèp Ayisyen yon bèl Jou Endepandans ak yon jwaye Nouvèl Ane ki chaje ak lapè, inite, ak pwogrè nan solisyone defi nasyonal yo.

Share:

Leave a reply