Plis pase 152 pwofesyonèl rezidan kanadyen mande Kanada pou sispann bay rejim kriminèl Jovenel Moise la tete

141
0
Share:

Lendi 4 Novanm 2019

Kanada__(TRiboLAND) Nan yon lèt tou louvwi jodi Lendi 4 Novanm 2019 la, 152 rezidan Kanadyen, jounalis, aktivis, avoka, pwofesè ak ansyen depite mande gouvènman Justin Trudeau ansanm Eta Kanada ak “Core Gwoup la (Fwans, Bwezil, Almay, Espay, Etazini, ak OEA) pou sispan bay oksijènn a yon pwezidan kòwonpi, repwesiv aki ilegal ke yo masivman rejete, selon lèt sa ki estime demand pèp Ayisyen an lejitim.

Gwoup moun sa yo ki ap swiv degradasyon sitiyasyon sosyo politik ak ekonomik peyi Dayiti, deklare ke yon kanpe bò kote pèp Ayisyen an kap soufwi men tou ki detèmine pou yon chanjman reyèl nan peyi-l.

Share:

Leave a reply