Yon pwotestasyon sanzatann fèt jodi 216 èm anivèsè endepandans Dayiti a nan Gonaiv

0 460

Gonaiv___(TRiboLAND) Tankou sa te pwevwa, Pwesidan peyi Dayiti a, Jovenel Moise pat ap pwezan noa Gonaiv jounen jodi pwemye Janvye 2020 a lokazyon 216èm anivèsè endepandans Dayiti.

Konsa, kontrèman ak yon seremoni solanèl ki ta dwe make gwo jounen istorik sa, vil Gonaiv te leve anba yon manisfestasyon san zatann; te gen gwo tansyon kèk tan apwè seremoni finèb yon militan (Mecène Cenoble) ki te arive pèdi vi li nan lèse fwape ak fòs lòd yo Samdi ki te 21 Desanm 2019 la.

Manifestasyon bwid sou kou sa a ki te dire plis pase 2 zèdtan e ki te gen alatèt divès militan ki tap eskonte divès zònn nan site Endepandans lan tap chante e pwofite leve byen wo kadav militan Cenoble. Manifestan yo te jwenn kontrent lòske fòs lòd yo tap anpeche avanse avèk manif lan jous devan komisarya Gonaiv la ki localize sou aveni Dattes. Konsa, sa ta pwàl eksite pwotestatè yo fè yon lapli kout wòch sou polisye yo ki te reponn avèk gas lakrimojènn.

Kidonk, fòs lòd yo arive dispèse manif lan an yon veritab anbyans “sauve qui peut”, alòske sèkèy defun an te rete abandone nan lari.

Leave A Reply